Articles on: Kat

Kijan pou ajoute kat ou sou Google Play


Kijan Pou Ajoute Kat KrezyPay Ou Sou Google Play


Si w vle ajoute kat KrezyPay ou sou Google Play pou w fè acha fasil, swiv etap sa yo ak anpil atansyon.


1. Lanse Google Play


  • Ouvri aplikasyon Google Play Store sou telefòn ou.

  • Peze sou pwofil ou nan kwen anwo adwat.

  • Chwazi "Peman & Abònman" epi ale sou "Metòd Peman".


2. Ajoute Kat KrezyPay Ou


  • Peze sou "Ajoute yon kat debi oswa kredi".

  • Antre detay kat KrezyPay ou tankou non, nimewo kat, dat ekspirasyon, ak kòd CVV a.

  • Konfime enfòmasyon yo epi valide.


3. Otorize Transaksyon An


Google ap retire $1.95 USD sou kat ou pou verifye li. Sa se yon pwosesis nòmal epi lajan an ap retounen sou kont ou apre kèk tan.

Asire w ou otorize transaksyon an, sinon Google pap ka ajoute kat la.


4. Resevwa Kòd Google La


  • Nan kèk ka, Google ap voye yon kòd verifikasyon pou finalizasyon.

  • Ou ka jwenn kòd sa a dirèkteman sou lis tranzaksyon ou fè ak kat la.

  • Ale sou aplikasyon KrezyPay oswa sit entènèt la epi tcheke seksyon tranzaksyon pou w jwenn kòd la.


5. Antre Kòd La Sou Google Play


  • Retounen sou Google Play, antre kòd la epi valide.

  • Kat ou ap ajoute ak siksè epi ou ka itilize li pou acha.


Si w gen nenpòt difikilte, pa ezite kontakte sipò KrezyPay sou **support@krezypay.com oswa vizite **www.krezypay.com.


KrezyPay – Solisyon Peman Ou! 🚀

Updated on: 26/03/2025

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!