Kijan pou fe depo sou kont KrezyPay ou a
Men Kijan Pou Ou Fè Depo Sou Kont KrezyPay Ou
KrezyPay mete plizyè metòd a dispozisyon ou pou ou kapab fè depo sou kont ou fasilman. Men tout fason ou kapab ajoute lajan sou kont KrezyPay ou:
1. Ki Jan Pou W Fè Depo Sou Kont Ou
- Konekte sou kont KrezyPay ou.
- Klike sou bouton ki make Deposit
- Mete kantite lajan wap depose a epi chwazi metod depo ou vle a .Nb depo montan minimum lan se 10 usd
- Klike sou Next epi swiv rès pwosesis la.
2. Natcash
Tout lot metòd sa yo se depo manyèl. Sa vle di, le w voye lajan ak youn nan metòd sa yo, sistèm nan bezwen verifye tranzaksyon an avan li ajoute li sou kont ou. Tan verifikasyon an pran ant 45 minit a 3 èdtan.
Sa w dwe konnen:
- Asire w ke ou respekte tout enstriksyon yo le w ap fè depo.
- Si ou fè yon depo epi ou pa wè li afiche sou kont ou apre 3 èdtan, kontakte sipò KrezyPay pou asistans.
Updated on: 30/01/2026
Thank you!
