Kijan pou fe tranzaksyon ak Kat KrezyPay ou a
Kijan Pou Fe Tranzaksyon sou Kat Visa oswa Mastercard KrezyPay Ou
Cher Kliyan,
Nou remèsye ou pou itilize KrezyPay. Nou vle ede w konprann kijan ou ka rezoud pwoblèm tranzaksyon sou kat Visa oswa Mastercard KrezyPay ou. Men kèk etap enpòtan pou swiv pou asire tout tranzaksyon ou yo mache byen.
1. Verifye Fon Disponib sou Kat la
Premye etap la se asire w gen ase lajan sou kat ou a pou tranzaksyon w ap eseye fè a. Si fon yo pa ase, tranzaksyon an ap rejte. Ou ka tcheke balans ou nan aplikasyon mobil KrezyPay oswa sou sit entènèt nou an.
2. Otorize Chak Tranzaksyon
Aprè ou fin fè yon depo sou kat KrezyPay ou, li enpòtan pou w otorize chak tranzaksyon. Sa vle di ou dwe ajoute lajan pou otorize tranzaksyon ou pral fè a.
- Nan aplikasyon mobil KrezyPay: Ale sou kat ou a epi klike sou bouton ki make Authorization anba kat la mete montan ou pral achte oswa peye a epi konfime ak PIN ou
- Durée otorizasyon: Otorizasyon sa yo valab pou 10 minit sèlman. Si ou pa itilize lajan an nan tan sa a, bank lan ap retire li soti sou kat la epi voye l tounen nan balans ou.
- kantite lajan pou otorizasyon: Ou dwe mete kantite kob ou pral achte oswa peye a nan balans otorizasyon an
3. Frè Tranzaksyon yo
Bank la pral chaje yon frè pou chak tranzaksyon ou fè sou kat KrezyPay ou:
- Tout tranzaksyon gen yon frè fiks 1.00 USD plis 1% nan valè tranzaksyon an.
Egzanp Frè Tranzaksyon:
- Acha 3 USD: Frè a pral 1.00 USD + 1% (0.03 USD), kidonk total la ap 4.03 USD.
- Acha 10 USD: Frè a pral 1.00 USD + 1% (0.10 USD), kidonk total la ap 11.10 USD.
4. Limit Tranzaksyon Pou Nouvo Kat
Lè ou fèk kreye yon kat KrezyPay, gen kèk limit tranzaksyon pou pwoteksyon sekirite:
- Nan 7 premye jou yo: Limit la se 25.00 USD pa jou.
- Apre 7 jou yo: Limit la ap leve otomatikman a 200.00 USD pa jou si ou te depanse 60 usd pndan premye semen nan .
- Apre ou fin depanse 500.00 USD: Limit la ap retire nèt, epi ou ka ajoute nenpòt kantite lajan nan balans otorize ou a rive jiska 1000 USD.
Note ke depans 25 usd a se yon mezi sekirite yon fason pou nou asire ou ou konn kijan pou itilize kat ou a
5. Pwoblèm Komen ak Solisyon yo
- Tranzaksyon rejte: Asire w ou gen ase lajan sou kat la epi ke ou otorize tranzaksyon an.
- Frè a pi wo pase sa w te atann: Verifye frè fiks la ak frè 1% nan tranzaksyon an.
- Pa resevwa kòd konfimasyon: Tcheke si telefòn ou gen bon resepsyon oswa kontakte sipò kliyan KrezyPay.
Si ou kontinye genyen pwoblèm, pa ezite kontakte sèvis kliyan KrezyPay pou asistans. Nou la pou ede w.
Mèsi pou konpreyansyon w ak pou itilize KrezyPay!
Sensèman,
Ekip KrezyPay
Updated on: 30/01/2026
Thank you!
