Kijan pou kreye yon kat vityel oswa fizik Mastercard
Kijan pou jwenn ak aktive Kat KrezyPay ou
KrezyPay pèmèt ou jwenn kat Mastercard vityèl oswa fizik pou fè peman sou entènèt ak an pèsòn, fasil epi an sekirite. Atik sa a esplike kijan pwosesis la mache depi kreyasyon kont lan rive nan aktivasyon kat la.
📝 Kreyasyon Kont ak Kat la
Lè ou kreye yon kont KrezyPay, yon kat Mastercard otomatikman kreye ansanm ak kont lan.
Remak enpòtan :
Menm si kat la kreye, li pa aktif imedyatman. Ou dwe aktive kat la anvan ou ka itilize li.
💳 Diferans ant kat vityèl ak kat fizik
✅ Kat vityèl
- Disponib dirèkteman nan kont KrezyPay ou
- Ideyal pou peman sou entènèt
- Pa bezwen livrezon
✅ Kat fizik
- Disponib lakay ajan otorize oswa nan point de vente KrezyPay
- Ou ale pran kat la fizikman
- Ou dwe aktive li nan kont ou anvan itilizasyon
🔐 Etap pou aktive kat la
1️⃣ Konplete setup kont lan
- Ranpli enfòmasyon pèsonèl yo
- Verifye idantite ou (KYC)
- Verifye nimewo telefòn ou
- Verifye WhatsApp ou
2️⃣ Mete minimòm $2 USD sou kont lan
Pou konplete kont lan epi aktive kat la, ou dwe gen omwen 2 USD sou kont ou.
Pou ajoute lajan:
- Klike sou bouton “Deposit” nan Dashboard ou a
- Swiv etap yo pou fè depo a
3️⃣ Peye frè aktivasyon kat la
- Frè aktivasyon obligatwa
- Li ka varye selon kalite kat la (vityèl oswa fizik)
Apre tout etap sa yo fini, kat la ap aktive epi pare pou itilize.
💰 Kat la rechajab ak valab pou 3 ane
- Kat KrezyPay yo rechajab plizyè fwa
- Chak kat gen validite 3 ane depi li aktive
Metòd pou rechaje kat la :
- MonCash (otomatik)
- NatCash
- Lakay ajan otorize
- Tout lòt metòd depo ki disponib nan kont ou
📍 Aktivasyon kat fizik
- Pran kat la lakay yon ajan otorize oswa point de vente
- Konekte sou kont KrezyPay ou
- Ale nan Dashboard ou
- Aktive kat la
Remak : Aktivasyon an fèt sèlman pa mèt kont lan pou rezon sekirite.
📱 Aksè ak KrezyPay sou telefòn
📲 Sou Android
- Telechaje aplikasyon KrezyPay sou Google Play Store
- Ou ka klike dirèk sou lyen sa a pou telechaje li :
👉 https://play.google.com/store/apps/details?id=com.krezypay.app&pcampaignid=web_share
Ou ka jere kont, kat, ak tranzaksyon dirèkteman nan app la.
🍎 Sou iPhone (iOS)
- Vizite sit ofisyèl la : www.krezypay.com
- Fè setup kont, KYC, aktivasyon kat, ak jesyon kat dirèkteman sou sit la
Si ou bezwen asistans, tanpri kontakte sipò KrezyPay la.
Nou la pou ede ou.
Updated on: 04/03/2026
Thank you!
