Articles on: Kont

Poukisa yon kont ka restrenn definitivman sou KrezyPay?

Pou pwoteje kliyan li yo, respekte règleman finansye entènasyonal yo, epi garanti sekirite sistèm nan, KrezyPay aplike règleman strik sou itilizasyon platfòm lan. Nan kèk sitiyasyon, si yon kont pa respekte règleman sa yo oswa si gen aktivite ki parèt riske, kont lan ka restrenn definitivman.

Men prensipal rezon ki ka mennen nan yon restriksyon definitif sou yon kont KrezyPay.

Aktivite ki pa konfòm ak règleman finansye yo

KrezyPay opere dapre règleman entènasyonal ki vize konbat fwod, blanchiman lajan (money laundering), ak finansman aktivite ilegal.

Si sistèm sekirite oswa ekip konformite nou an detekte tranzaksyon oswa konpòtman ki pa klè, ki sispèk, oswa ki pa konfòm ak règleman sa yo, kont lan ka restrenn definitivman pou pwoteje platfòm lan ak lòt itilizatè yo.

Twòp tantativ verifikasyon idantite

Pou sekirite tout itilizatè yo, KrezyPay limite kantite tantativ ki ka fèt pou verifye idantite yon moun.

Si yon itilizatè fè twòp tantativ verifikasyon ki pa reyisi, sistèm nan ka konsidere sa kòm yon risk sekirite oswa kòm yon posib esè pou kontoune pwosesis verifikasyon an. Nan ka sa yo, kont lan ka restrenn definitivman.

Sispisyon fwod nan verifikasyon idantite

Verifikasyon idantite se yon etap esansyèl pou itilize sèvis KrezyPay yo. Si gen endikasyon ki montre ke dokiman oswa enfòmasyon yo itilize pou verifikasyon an pa otantik, kont lan ka restrenn definitivman.

Sa ka rive si:

  • Dokiman idantite yo fo oswa modifye
  • Enfòmasyon yo pa koresponn ak moun ki ap itilize kont lan
  • Yo eseye itilize idantite yon lòt moun

Itilizasyon kont lan pou aktivite ilegal

Yon kont ka restrenn definitivman si li itilize pou aktivite ki pa respekte lalwa, tankou:

  • Fwod oswa eskwokri
  • Manipilasyon oswa itilizasyon ilegal tranzaksyon
  • Itilizasyon sèvis KrezyPay pou aktivite entèdi

KrezyPay gen yon politik zewo tolerans pou nenpòt aktivite ilegal sou platfòm lan.

Abiz sèvis KrezyPay yo

Kont lan kapab restrenn si itilizatè a itilize sèvis yo nan yon fason ki ka mete platfòm lan oswa lòt itilizatè yo an danje, tankou:

  • Eseye manipile oswa kontoune sistèm sekirite a
  • Kreye plizyè kont pou evite règleman yo
  • Abuse fonksyon oswa sèvis ki disponib sou platfòm lan

Kisa ki rive lè yon kont restrenn definitivman?

Lè yon kont restrenn definitivman, itilizatè a pap kapab itilize okenn sèvis KrezyPay ankò. Sa vle di:

  • Ou pap kapab fè oswa resevwa tranzaksyon
  • Ou pap kapab itilize kat KrezyPay yo
  • Aksè ak tout sèvis finansye sou platfòm lan ap sispann

Desizyon sa yo pran apre analiz ekip sekirite ak konformite KrezyPay la.

Ki sa ki rive ak lajan ki sou kont lan?

Si gen lajan ki rete sou kont lan nan moman restriksyon an, pwosesis verifikasyon ak analiz la ka pran ant 90 ak 120 jou ouvrab anvan nenpòt pwosedi refund ka kòmanse.

Nan peryòd sa a, ekip KrezyPay la ap analize dosye a pou asire ke tout règleman finansye ak konformite yo respekte.

Lè pwosesis la pare pou avanse, ekip KrezyPay la ap kontakte kliyan an via imel pou bay tout enstriksyon ki nesesè pou swiv pwosedi refund la ak nenpòt lòt etap ki gen rapò ak kont lan.

Konsèy pou evite restriksyon sou kont ou

Pou kenbe kont ou aktif san pwoblèm:

  • Bay enfòmasyon ki egzat lè w ap kreye kont ou
  • Itilize dokiman idantite ki valab ak otantik
  • Evite fè plizyè tantativ verifikasyon si gen erè
  • Itilize sèvis KrezyPay yo sèlman pou aktivite legal


Updated on: 14/03/2026

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!